Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 33

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

33:1 ¶ Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.

33:2 M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.

33:3 M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.

33:4 Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.

33:5 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.

33:6 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.

33:7 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!

33:8 ¶ Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:

33:9 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.

33:10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.

33:11 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.

33:12 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.

33:13 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?

33:14 ¶ Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.

33:15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.

33:16 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.

33:17 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.

33:18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.

33:19 ¶ Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.

33:20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.

33:21 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.

33:22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.

33:23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.

33:24 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.

33:25 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.

33:26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.

33:27 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.

33:28 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.

33:29 ¶ Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,

33:30 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.

33:31 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!

33:32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.

33:33 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase