Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 13

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

13:1 ¶ Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.

13:2 Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou.

13:3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.

13:4 Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.

13:5 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.

13:6 Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen.

13:7 Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa?

13:8 Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase?

13:9 Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!

13:10 Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal.

13:11 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?

13:12 Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.

13:13 ¶ Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!

13:14 Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'!

13:15 Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.

13:16 Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.

13:17 Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen.

13:18 M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'.

13:19 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'.

13:20 De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò.

13:21 Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.

13:22 Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.

13:23 ¶ Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal?

13:24 Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?

13:25 Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale.

13:26 W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason.

13:27 Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.

13:28 M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase