Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 16

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

16:1 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

16:2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.

16:3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!

16:4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.

16:5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.

16:6 ¶ Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.

16:7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.

16:8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.

16:9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!

16:10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.

16:11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.

16:12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.

16:13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.

16:14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.

16:15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.

16:16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.

16:17 ¶ Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.

16:18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!

16:19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.

16:20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.

16:21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.

16:22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase