Main Index: Haitian Creole

 

Jòb 18

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]

18:1 ¶ Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

18:2 -Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!

18:3 Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo?

18:4 Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?

18:5 ¶ Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò.

18:6 Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.

18:7 Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.

18:8 Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'.

18:9 Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere.

18:10 Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.

18:11 ¶ Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.

18:12 Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li.

18:13 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'.

18:14 Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò.

18:15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.

18:16 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen.

18:17 p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.

18:18 Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo.

18:19 Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.

18:20 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.

18:21 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase