Main Index: Haitian Creole

 

Pwoveb 18

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31]

18:1 ¶ Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.

18:2 ¶ Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.

18:3 ¶ Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.

18:4 ¶ Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.

18:5 ¶ Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.

18:6 ¶ Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.

18:7 Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.

18:8 ¶ Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.

18:9 ¶ Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.

18:10 ¶ Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

18:11 ¶ Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.

18:12 ¶ Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.

18:13 ¶ Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.

18:14 ¶ Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?

18:15 ¶ Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.

18:16 ¶ Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

18:17 ¶ Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.

18:18 ¶ Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.

18:19 ¶ Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.

18:20 ¶ Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li.

18:21 ¶ Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

18:22 ¶ Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.

18:23 ¶ Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.

18:24 ¶ Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase