Main Index: Haitian Creole

 

Pwoveb 4

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31]

4:1 ¶ Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.

4:2 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.

4:3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.

4:4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.

4:5 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.

4:6 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.

4:7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

4:8 renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.

4:9 Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.

4:10 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

4:11 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

4:12 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.

4:13 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.

4:14 ¶ Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.

4:15 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.

4:16 Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.

4:17 Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.

4:18 Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.

4:19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.

4:20 ¶ Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.

4:21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.

4:22 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.

4:23 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

4:24 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.

4:25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.

4:26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

4:27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase