Main Index: Haitian Creole

 

Mak 3

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16]

3:1 ¶ Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.

3:2 Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.

3:3 Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.

3:4 Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.

3:5 Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

3:6 Menm lè a, farizyen yo soti nan sinagòg la, y' al met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo wè ki jan pou yo touye Jezi.

3:7 Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,

3:8 moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazenaj lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l' t'ap fè.

3:9 Jezi mande disip li yo pou yo pare yon kannòt pou li, pou foul la pa t' toufe l' twòp.

3:10 Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li.

3:11 Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.

3:12 Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.

3:13 ¶ Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.

3:14 Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.

3:15 Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.

3:16 Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),

3:17 de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l' la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.

3:18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,

3:19 ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi li yo.

3:20 Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo te manje.

3:21 Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo soti pou yo vin chache l' paske tout moun t'ap di: -Nonm sa a fou.

3:22 ¶ Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.

3:23 Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan?

3:24 Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.

3:25 Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.

3:26 Se sak fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini.

3:27 Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l' genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', la piye kay la.

3:28 Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo.

3:29 Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.

3:30 Jezi te pale konsa paske yo t'ap di-Li gen yon move lespri sou li.

3:31 ¶ Apre sa, manman Jezi ak frè l' yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li.

3:32 Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l' konsa: -Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou.

3:33 Li reponn yo: -Kilès ki manman m', kilès ki frè mwen?

3:34 Epi li pwonmennen je l' sou moun ki te chita sou kote l' yo, li di konsa: -Gade: men manman m', men frè m' yo.

3:35 Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman mwen.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase