Main Index: Haitian Creole

 

Sòm 136

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50] [51] [52] [53] [54] [55] [56] [57] [58] [59] [60] [61] [62] [63] [64] [65] [66] [67] [68] [69] [70] [71] [72] [73] [74] [75] [76] [77] [78] [79] [80] [81] [82] [83] [84] [85] [86] [87] [88] [89] [90] [91] [92] [93] [94] [95] [96] [97] [98] [99] [100] [101] [102] [103] [104] [105] [106] [107] [108] [109] [110] [111] [112] [113] [114] [115] [116] [117] [118] [119] [120] [121] [122] [123] [124] [125] [126] [127] [128] [129] [130] [131] [132] [133] [134] [135] [136] [137] [138] [139] [140] [141] [142] [143] [144] [145] [146] [147] [148] [149] [150]

136:1 ¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:2 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:3 Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:4 Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:5 Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:6 L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:

136:7 Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:8 Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:9 Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:10 ¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:11 Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:12 Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:13 Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:14 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:15 Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:16 Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:17 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:18 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:19 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:20 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:21 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:22 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:23 ¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:24 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:25 Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

136:26 Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase